Health Encyclopedia
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kisa Gout la ye?

Gout la se yon fòm atrit ki rive akoz anpil asid irik rasanble nan kò w. Souvan, gout la konn bay doulè britsoukou ak enflamasyon nan 1 atikilasyon, souvan se gwo zòtèy la oswa lòt atikilasyon pye yo. Si l pa trete, li ka lakoz defòmasyon ki fè mal nan pye ak nan jwenti yo. Li ka lakoz pwoblèm ren. Men lè w trete gout la bonè, ou ka soulaje doulè yo epi sa ap ede w fè prevansyon kont pwoblèm ki ka vini pi devan yo. Gout la ka trete ak medikaman epi yon chanjman nan alimantasyon w. Nan ka ki grav yo, yon operasyon ka nesesè.

Kisa ki lakoz gout?

Twòp asid irik nan kò w bay gout. Se yon dechè kò a pwodwi. Se ren yo ki elimine asid irik la. Si nivo asid irik ki nan san w lan moute twò wo, li ka fòme kristal. Si kristal sa yo pa trete epi si yo rete nan kò a lontan, y ap lakoz gwo pwoblèm sante. Yo fè yon pil nan jwenti yo. Sa ki ap bay yon kriz gout. Yon kriz gout se yon enflamasyon jwenti yo ki lakoz doulè ak gonfleman sibit. Si w gen anpil atak gout, kristal yo ap fè yon gwo depo ki rele tofi. Tofi a ka andomaje atikilasyon yo epi lakoz defòmasyon.

Imaj yon do pye k ap montre zo nan pye yo ki gen yon gout enflamatwa ak kristal nan asid irik la.

Kiyès ki riske gen maladi gout la?

Moun ki gen sèks maskilen depi lè yo te fèt gen plis chans pou yo gen gout. Moun ki gen sèks feminen depi lè yo te fèt ka gen gout, men pi souvan se apre menopoz. Kèk pwoblèm sante, fè l pi pwobab pou w gen maladi gout la. Tankou obezite ak kolestewòl ki wo. Epi kèk medikaman ka deklannche yon kriz gout. Tankou konprime pou dlo yo (duiretik yo). Moun ki bwè anpil alkòl gen gwo risk pou l gen gout. Kèk manje ka deklannche yon kriz gout.

Sibstans ki ka deklannche yon kriz gout

  • Alkòl, sitou byè, men tou diven wouj ak likè yo

  • Kèk vyann tankou vyann wouj, vyann transfòme, kodenn

  • Vyann ògan tankou ren, fwa, pankreya

  • Kokiyaj tankou oma, krab, krevèt, kokiy, "mussels"

  • Kèk pwason tankou, anchwa, sadin, aran, makero

  • Bwè bwason ki gen anpil sik oswa friktoz tankou ji konsantre oswa bwason gazez

Tretman

  • Chanje fason w te konn ap viv la. Sa gen ladan l pèdi pwa, fè egzèsis, diminye oswa pa konsome alkòl, espesyalman byè, epi kanpe sou itilizasyon tabak. Ajoute pwodui letye ki pa gen anpil grès yo ki ka diminye nivo asid irik yo.

  • Limite kèk manje ak bwason. Redui nan konsomasyon manje ak bwason yo site anlè yo ki ka deklannche yon kriz gout. Pa manje ni bwè bagay ki gen siwo mayi ki rich an friktoz. Nou jwenn yo nan anpil manje. Genyen nan kèk kola ak bwason enèjizan.

  • Poze kesyon sou medikaman w yo. Gen kèk medikaman ki ka bay gout. Tankou diyiretik yo. Pale ak founisè swen sante w la sou lòt opsyon yo.

  • Eseye medikaman ki diminye kantite asid irik nan san an. Tankou allopurinol, probenecid, febuxostat, ak lesinurad.

  • Pran medikaman pou trete atak gout toudenkou yo. Tankou NSAIDs (medikaman anti-enflamatwa ki pa gen esteroyid), estewoyid yo, ak kòlchisin.

Online Medical Reviewer: Marianne Fraser MSN RN
Online Medical Reviewer: Rajadurai Samnishanth
Online Medical Reviewer: Rita Sather RN
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by StayWell
Disclaimer