Otit Mwayen Egi ak Enfeksyon (Timoun)
Pitit ou a gen yon enfeksyon nan zòrèy mwayen l (otit mwayen egi). Se bakteri oubyen viris ki lakoz yo. Zòrèy mwayen an se espas ki dèyè tenpan an. Twonp Estach la relye zòrèy la ak nen an. Twonp Estach la pèmèt likid soti nan zòrèy yo. Li kenbe tou presyon lè anndan ak deyò zòrèy yo la egal. Tib sa yo pi kout epi yo orizontal lakay timoun yo. Sa fè vin gen plis chans pou tib yo vin bloke. Yon blokaj pèmèt likid ak presyon monte nan zòrèy mwayen lan. Bakteri oswa chanpiyon ka grandi nan likid sa a epi lakòz yon enfeksyon nan zòrèy. Yo souvan rekonèt li kòm yon zòrèy fè mal.

Sentòm prensipal yon enfeksyon nan zòrèy se doulè nan zòrèy. Lòt sentòm yo ka gen ladan zòrèy k ap lanse, vin plis rechiya pase dabitid, lafyèv, pèdi apeti, ak vomisman oswa dyare. Zòrèy pitit ou a ka afekte tou. Pitit ou a ka te gen yon enfeksyon respiratwa anvan sa.
Yon enfeksyon zòrèy ka disparèt poukont li. Oswa pitit ou a ka bezwen pran medikaman. Lè enfeksyon an fin ale, pitit ou a ka toujou gen pij nan zòrèy mwayen an. Sa ka pran plizyè semèn oswa mwa pou pij sa a disparèt. Pandan tan sa a, pitit ou a ka gen pwob pou li tande pou yon ti tan. Men tout lòt sentòm zòrèy fè mal yo ta dwe disparèt.
Swen adomisil
Swiv enstriksyon sa yo lè w ap pran swen timoun ou an lakay ou:
-
Pwofesyonèl swen sante a ap preskri w medikaman pou doulè. Founisè a ka preskri w tou antibyotik pou trete enfeksyon an. Yo ka medikaman likid pou pran nan bouch. Oswa yo ka gout zòrèy. Swiv enstriksyon founisè swen sante a pou bay pitit ou a medikaman sa yo. Pa bay pitit ou a okenn lòt medikaman san w pa mande founisè swen sante pitit ou a anvan, sitou pou premye fwa a.
-
Kòm enfeksyon nan zòrèy yo ka disparèt poukont yo, founisè a ka sijere w pou w tann kèk jou anvan l bay pitit ou a medikaman pou enfeksyon yo.
-
Pou diminye doulè a, fè pitit ou a repoze nan yon pozisyon dwat. Lè w mete konprès cho oswa frèt sou zòrèy la, sa ka soulaje doulè a.
-
Pa fimen nan kay la oswa bò kote pitit ou a. Fè timoun ou an rete lwen moun ki ap fimen pa okazyon.
Pou ede evite lòt enfeksyon:
-
Pa fimen tou prè pitit ou a. Lafimen sigarèt ogmante ris enfeksyon nan zòrèy lakay timoun yo.
-
Asire w pitit ou a pran tout vaksen l dwe pran yo.
-
Lè tibebe w la kouche sou do pa ba l bibwon . (Pozisyon sa a ka lakòz enfeksyon nan zòrèy mwayen an paske li lakoz lèt koule nan twonp estach yo.)
-
Si w bay tete, kontinye jiskaske pitit ou a gen 6 a 12 mwa.
Pou mete gout zòrèy la:
-
Lave men w ak men pitit ou a anvan ak aprè ou fin itilize gout pou zòrèy la.
-
Mete boutèy la nan dlo tyèd si w konsève medikaman an nan frijidè. Gout frèt nan zòrèy la pa konfòtab.
-
Mete pitit ou a kouche sou yon sifas ki plat. Kenbe tèt pitit ou a dousman sou yon bò.
-
Retire tout pij ki sòti nan zòrèy la avèk yon twal pwòp oswa yon aplikatè. Netwaye sèlman zòrèy ekstèn lan. Pa mete aplikatè a nan kanal zòrèy la.
-
Drese kanal zòrèy timoun ki gen plis pase 3 lane yo, lè w rale zòrèy la anlè ak dèyè. Pou timoun ki gen pi piti pase 3 lane yo, rale zòrèy la anba ak dèyè dousman.
-
Kenbe gout la yon demi-pous pi wo pase kanal zòrèy la. Sa ap anpeche gout la kontamine. Mete gout yo sou bò kanal zòrèy la.
-
Fè pitit ou a rete kouche pandan 2 a 3 minit. Sa ap bay tan pou medikaman an antre nan kanal zòrèy la. Si pitit ou a pa gen doulè, bay zòrèy ekstèn lan ti masaj dousman toupre ouvèti a.
-
Siye tout medikaman anplis sou zòrèy ekstèn lan ak yon moso koton pwòp.
Suivi pou swen yo
Ale nan randevou ak founisè swen sante w la jan yo rekòmande a. Pitit ou a gen pou l al rekonsilte pou zòrèy la ankò pou asire enfeksyon an disparèt. Kontakte founisè swen sante w la pou w konnen ki lè li vle konsilte pitit ou a.
Avi espesyal pou paran yo
Si pitit ou a kontinye gen zòrèy fè mal, yo ka mande pou yo mete yon tib nan zòrèy la. Founisè swen sante a ap mete ti tib nan tenpan pitit ou a pou anpeche likid la sanble. Pwosedi sa a senp epi li fonksyone byen.
Kilè pou w chache konsèy medikal
Rele moun k ap ba w swen an si w wè nenpòt nan bagay sa yo:
-
Yon fyèv 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa selon konsiy founisè swen sante w la (al gade Fyèv ak timoun, anba a.)
-
Nouvo sentòm, espesyalman enflamasyon alantou zòrèy la oswa feblès nan mis ki nan vizaj la
-
Gwo doulè
-
Enfeksyon an sanble vin pi mal, pa amelyore
-
Lafyèv oswa doulè a pa amelyore ak antibyotik aprè 48 èdtan
Rele 911
Rele 911 si nenpòt nan bagay sa yo rive:
Lafyèv ak timoun
Itilize yon tèmomèt dijital pou w tcheke tanperati timoun ou an. Pa itilize yon tèmomèt a mèki. Gen anpil tèmomèt dijital ak plizyè fason pou itilize yo. Yo gen ladan yo:
-
Tèmomèt pou Dèyè Pou timoun ki gen mwen pase 3 lane, pran tanperati nan dèyè l pi efikas.
-
Fwon (tanporal). Sa ap mache pou timoun ki gen 3 mwa oubyen timoun ki pi gran. Si yon ti bebe pi piti pase 3 mwa gen siy maladi, yo ka itilize tèmomèt sa kòm premye aparèy pou pran tanperati l. Founisè swen sante a ka vle konfime l ak tanperati nan dèyè ti bebe a.
-
Zòrèy (tenpan). Tanperati nan zòrèy la efikas aprè l fin gen 6 mwa, men anvan sa li pa efikas.
-
Anbabra (aksilè). Sa mwens fyab men yo ka itilize l pou premye chache siy maladi kay timoun nenpòt laj. Founisè swen sante a ka vle konfime l ak tanperati nan dèyè ti bebe a.
-
Bouch (oral). Pa itilize tèmomèt nan bouch ti moun ou an jiskaske li gen omwen 4 làne.
Itilize tèmomèt nan dèyè a ak prekosyon. Suiv enfòmasyon fabrikan pwodui a bay la pou w ka byen itilize l. Mete l nan dèyè ti bebe a dousman. Mete etikèt sou li epi asire w pa itilize l nan bouch li. Li ka gen jèm twalèt ki rete sou li. Si w pa alèz pou w itilize tèmomèt nan dèyè a, mande founisè swen sante a ki tip ou ka itilize nan plas li. Lè w ap pale ak nenpòt founisè swen sante sou lafyèv pitit ou a, di yo ki kalite w te itilize.
Si pitit ou a gen lafyèv, w ap jwenn kilè pou w rele founisè swen sante w la anba. Founisè swen sante pitit ou a ka ba w diferan nimewo. Swiv konsiy yo.
Kilè pou w rele founisè swen sante a pou lafyèv pitit ou a
Pou yon ti bebe ki gen pi piti pase 3 mwa:
-
Anvan, mande founisè swen timoun ou an kijan w ta dwe pran tanperati ti bebe a.
-
Nan dèyè oswa nan fwon: 100,4°F (38°C) oswa pi wo
-
Anba bra: 99°F (37,2°C) oswa pi wo
-
Yon fyèv ki gen ___________selon konsèy founisè ou a
Pou yon timoun ki gen 3 rive 36 mwa (3 lane):
-
Nan dèyè oswa nan fwon: 102°F (38.9°sèlsiyis) oswa pi wo
-
Zòrèy (sèlman pou timoun ki gen plis pase 6 mwa): 102°F (38,9°C) oswa pi wo
-
Yon fyèv ki gen ___________ selon konsèy founisè ou a
Nan ka sa yo:
-
Tanperati anba bra a 103 °F (39,4°C) oswa pi wo lakay yon timoun nenpòt laj
-
Tanperati a 104 °F (40°C) oswa pi wo lakay yon timoun nenpòt laj
-
Yon fyèv ki gen ___________ selon konsèy founisè ou a